Sep 30, 2022

Resantre objektif nou pou yon pwogram Medicaid ki pi presi

Heading

Text Link
Text Link
Text Link
Text Link
Text Link
Text Link

Pou kreye yon wout ekitab pou lavni pou tout moun k ap viv Florid, nou dwe konprann anvan ki wout ki mennen nou kote nou ye jodi a. Piblikasyon sa a se senkyèm nan seri "Pousuiv Ekite" FPI a, yon pati nan inisyativ rechèch plizyè ane sou politik istorik diskriminatwa Florid yo, evolisyon yo, ak enpak yo sou tout kominote Florid yo jodi a.  

Entwodiksyon

E si w ta oblije chwazi ant peye lwaye mwa pwochen an oswa achte preskripsyon medikaman pitit ou a? Medicaid sove plizyè milyon fanmi pou yo pa nan dilèm sa a. Pandan plis pase 50 ane, Medicaid se yon pwogram asirans sante pou tout moun ki pa kapab peye asirans prive. Rechèch yo montre timoun ki kouvri anba pwogram nan reyisi pi byen lekòl la, yo rete an sante lè yo vin granmoun, epi yo reyalize plis siksè ekonomik pase moun ki pa anba pwoteksyon pwogram nan. Menm jan an tou, paran nan pwogram nan pi byen kapab pran swen pitit yo. Medicaid ede lespri fanmi yo rete anpè tou, paske sinon yo t ap fè fas ak pwoblèm lajan gwo maladi ki koute chè ka lakoz. 

Sepandan, gen yon seri obstak istorik pèsistan ki ka anpeche moun jwenn swen. Sa mennen nan rezilta sante ki vrèman pi ba, sitou pou moun nwa. Se vre diferans sa yo te egziste pandan plizyè ane, men yo te vrèman parèt pi klè akoz gwo enpak COVID-19 la te genyen nan kominote moun nwa yo.

Estrikti pwogram Medicaid Florid la genyen kounye a vin agrave obstak pou jwenn swen yo. Nòmalman, li pa kouvri okenn granmoun ki pa gen pitit, e pou moun ki gen pitit yo, paran ki nan yon kay ki gen twa moun pa ka gen yon revni ki depase 33% nan nivo povrete a, oswa — pa egzanp — $6,807 nan yon kay ki gen twa moun. Men, menm kay sa a pa ka jwenn èd pou achte asirans prive atravè Mache Lwa sou Swen Abòdab (ACA) sof si yo gen yon revni omwen $31,795.   Prèske 60 pousannan moun ki tonbe nan sitiyasyon pwoteksyon swen sante sa a se moun koulè nwa. Pwolonje kouvèti asirans pou moun ki nan sitiyason sa a atravè pwogram Medicaid Florid la bay yon opòtinite inik e valab pou diminye diferans ki genyen nan kesyon sante yo epi reyalize pi gwo ekite sante pou tout moun Florid. Men, pou reyalize tout potansyèl Medicaid la, kèk chanjman enpòtan bezwen fèt nan konsepsyon pwogram ak règleman yo. 

Atenn Ekite nan domèn Sante: Defi Fondasyon 'Dwa Eta' yo poze

Gen yon pwovèb anpil moun konnen pami ekspè Medicaid yo se: “[si] w te wè yon pwogram Medicaid pou yon eta, ou te wè yon pwogram Medicaid pou yon eta.” Sa ki kache dèyè fraz sa a se reyalite kriyèl kote rezidan nan kèk eta ka jwenn pwoteksyon Medicaid alòske vwazen yo ki nan menm sikonstans ak yo nan yon lòt eta rete san asirans.

Depi kreyasyon li, Medicaid te bati sou baz "dwa eta."   Malgre konstriksyon legal sa a gen objektif pou ankouraje an jeneral dwa chak eta yo kont entèferans gouvènman federal la, ala baz, doktrin nan te pran rasin nan mouvman an pou prezève esklavaj anvan, pandan e apre Lagè Sivil la.

Kongrè a te kontinye ak eritaj dwa eta yo lè l te kreye epi pibliye pwogram Medicaid la an 1965. Lwa federal Medicaid ki te genyen alepòk la ak sa ki la kounye a bay eta yo yon gwo posiblite pou detèmine ki kategori moun li kouvri, ki nivo revni, e ki benefis espesifik yo kouvri. Sa a te mennen nan plizyè ane deba politik nan eta a e se sou li "pov ki diy" yo merite pou jwenn pwoteksyon swen sante.

Miyò, yo te kreye pwogram Medicare nan menm jou ak Medicaid, men de pwogram yo gen konsepsyon radikalman diferan. Medicare se yon pwogram swen sante nasyonal k ap sèvi tout moun ki gen 65 an oswa plis ak moun ki gen andikap. Li gen kalifikasyon inifòm ak kouvèti asirans atravè tout eta yo. Règleman Medicare detèmine epi aplike nan nivo federal: eta yo pa gen okenn wòl pou yo jwe nan sa.

Gen yon pwovèb anpil moun konnen pami ekspè Medicaid yo se: “[si] w te wè yon pwogram Medicaid pou yon eta, ou te wè yon pwogram Medicaid pou yon eta.” Sa ki kache dèyè fraz sa a se reyalite kriyèl kote rezidan nan kèk eta ka jwenn pwoteksyon Medicaid alòske vwazen yo ki nan menm sikonstans ak yo nan yon lòt eta rete san asirans.

Kontrèman ak Medicare, Medicaid te bati sou fondasyonrègleman New Deal ak pwogram sekirite pou bay èd ak lajan kach anvan yo. Lè Sekirite Sosyal te dekrete an 1935, eta Sid yo te reyisi fè adopte kèk règleman ki retire travayè agrikòl ak domestik yo, sa ki te reprezante plis pase mwatye nan mendèv Nwa nan peyi a. Nan menm ane a, eta Sid yo te ensiste sou kontwòl etatik ak lokal nivo kalifikasyon ak benefis lè finansman federal yo te disponib pou ede timoun k ap viv ak yon manman selibatè atravè pwogram Èd pou Fanmi yo (yo te vin rele l Èd pou Fanmi ki gen Timoun sou kont yo AFDC an 1962). Menm jan ak esklizyon Sekirite Sosyal yo, sa te pèmèt eta yo prezève yon sistèm ekonomik ki te repoze sou travayè Nwa ak yon salè ba nan Sid la ak travayè Latino/a nan Sidwès la. Pandan tout listwa pwogram èd ak lajan kach Florid yo, vye stereyotip sou fanmi Nwa yo te lakòz yon resi chwa politik sevè, sa ki gen ladan l delè tan pou benefis yo ak kondisyon travay sevè, sa ki finalman nuizib pou tout fanmi Florid ki konte sou yon filè sekirite solid pou sipò esansyèl.

Kad “Dwa Eta” Medicaid yo anrasinen nan rasis 

Jodi a, yo te itilize agiman "dwa eta yo" pou bloke règleman federal ki ta ka amelyore swen sante pou tout moun atravè yon elajisman aksè pou sèvis ak pwogram yo ak rediksyon inegalite rasyal nan kesyon aksè ak swen.

Nan elabore Lwa sou Swen Abòdab, Kongrè a te gen entansyon korije enjistis pwogram Medicaid nan eta ki te retire plizyè milyon granmoun ak timoun ki pa gen asirans anba pwoteksyon. Espesyalman, ACA egzije pou tout eta yo bay kouvèti Medicaid pou adilt ak timoun jiska 138 pousan nivo povrete federal (FPL), ki se $18,762 pa ane pou yon sèl moun ak $31,795 pou yon kay ki gen twa moun.

Sepandan, eta Florid ak 25 lòt eta te konteste egzijans pou elaji pwogram Medicaid eta a pou granmoun yo. Avèk yon referans sou "dwa eta yo", Tribinal Siprèm Ameriken an 2012 te deklare egzijans ACA sa a jan yo te aplike l pou granmoun yo te yon fòs kont konstitisyonèl pou eta yo. Lefètke yo te re-ekri yon fason jidisyè ACA a, sa te fè pèmèt ekspansyon Medicaid pou granmoun ki volontè pou eta yo. Trant-uit eta te dakò ak sa. 12 eta ki poko pran desizyon pou bay 2.2 milyon moun ki pa gen asirans yo swen sante lè yo agrandi Medicaid yo, se sitou eta ki te fè pati Konfederasyon an, e Florid ladan l tou.

Refize elaji Medicaid la te lakoz plis diferans nan domèn sante ki te la depi lontan vin anrasinen, sa ki vin antrave objektif ACA a. Nan Florid, prèske 26 pousan moun ki retire nan kouvèti asirans lan e ki tonbe nan sitiyasyon sa se Nwa; 28 pousan Panyòl; ak 42 pousan blan. Revni yo twò ba pou kalifye pou sibvansyon prim sou mache federal la e an menm tan yo twò wo pou respekte limit kalifikasyon strik eta yo nan Medicaid.

12 eta ki poko pran desizyon pou bay 2.2 milyon moun ki pa gen asirans yo swen sante lè yo agrandi Medicaid yo, se sitou eta ki te fè pati Konfederasyon an, e Florid ladan l tou.

Lefètke lejislatè eta yo ap kontinye refize elaji Medicaid se youn nan chwa politik ki pi resan epi ki trè vizib ki ranfòse rasis estriktirèl nan pwogram Medicaid Florid la. Byenke lidè politik Florid yo te eseye jistifye rezistans lè yo eksprime "enkyetid yo sou bidjè," objeksyon sa yo demanti prèv akablan ki montre eta a ka aktyèlman ekonomize plizyè milyon dola lè yo avanse sou ekspansyon. 

Rechèch montre rezistans kont ekspansyon " motive pa sipozisyon sou si, oswa nan ki nivo ras ak gwoup minorite etnik oswa 'etranje' pral benefisye ..." epi lè sipò moun blan yo nan ekspansyon an fèb, eta a gen mwens chans pou elaji Medicaid. 

Anplis refi pou elaji Florida Medicaid, gen anpil lòt egzanp sou chwa politik eta Medicaid lejislatè yo fè ki blese moun nui moun nwa yon fason dispwopòsyonèl. Chwa sa yo te fèt grasa “opsyon” eta ki reflete nan lwa Florid, règleman yo, ak panchan pou dewogasyon nan atik 1115 Medicaid. Yo gen ladan l plafon kalifikasyon revni strik pou paran, granmoun aje, ak moun ki andikape; sèvis adomisil ak nan kominotè limite ki ta ka pèmèt moun yo rete lakay yo olye pou yo rete nan enstitisyon yo; ak lòt restriksyon eksepte pwoteksyon swen medikal ki nesesè.

Dènye Chanjman Règleman yo fè pwogrese Ekite Sante nan Pwogram Medicaid la

Responsab politik eta yo te fèk adopte chanjman pou fè pwogrese yon pwogram Medicaid Florid ki pi ekitab. Sa gen ladan l pwolonje kouvèti apre akouchman apre pwolonjman soti nan 60 jou rive nan 12 mwa epi mande plan swen jere Medicaid yo kolekte epi pibliye done pèfòmans ki gen rapò ak divès kalite endikatè sante ki divize pa karakteristik demografik, tankou ras ak gwoup etnik. Deba piblik k ap alimante elan sou de inisyativ yo gen ladan l done ki montre gwo diferans rasyal sou divès kalite endikatè swen sante. Pa egzanp, to mòtalite matènèl pou fanm Nwa yo plis pase twa fwa pi wo pase fanm blan yo akòz "varyasyon nan kalite swen sante ki disponib yo, maladi kwonik kache, rasis estriktirèl ak prejije enplisit."

Lòt Chanjman Règleman ki nesesè pou yon Pwogram Medicaid ki pi ekitab 

Gen gwo potansyèl pou abòde rasis sistemik nan swen sante atravè yon pwogram Medicaid ki pi ekitab. Sa gen ladan l bay plis kritè kalifikasyon ak kouvèti sèvis ki pi laj, asanm ak anilasyon anpil ane desizyon politik eta a ki antrene rediksyon Medicaid.

Plizyè milye abitan Florid, ki gen ladan l yon gwo pati nan moun nwa, toujou pa gen asirans akoz lidè eta yo echwe nan elaji Medicaid. Gen asirans enpòtan anpil pou jwenn aksè ak swen e mennen yon vi an sante.

Pandan ane yo, lejislatè eta yo te redwi limit revni Medicaid pou pwogram k ap sèvi granmoun aje yo ak moun ki andikape yo (pwogram MEDS-AD) nan nivo povrete yo. MEDS-AD se yon sous prensipal sèvis adomisil ak kominotè a (HCBS) ki pèmèt moun rete lakay yo epi evite plasman nan mezon retrèt. Rechèch montre moun Nwa yo fè fas ak pi gwo obstak pase moun blan pou yo peye HCBS ak lajan pa yo. Konsa, yon pi gwo pati nan moun Nwa ki aje yo sèlman gen opsyon pou yo plase yo nan yon enstitisyon, mezon retrèt olye yo kapab rete nan pwòp kay yo avèk HCBS.

Kouvèti ki chaje restriksyon pou sante bouch ak dan nan Florid, sitou pou granmoun, baze sou yon lwa 2003. Chwa lejislatè eta yo pou limite kouvèti a nan fo dan ak sèvis ijans yo nui moun nwa yo yon fason dispwopòsyonèl. Dapre yon etid Depatman Sante Florid 2016, moun nwa yo plis pèdi tout dan yo nèt, e gen yon prevalans ki pi fèb pou yon vizit chak ane kay dantis pami granmou Panyòl ak granmoun Nwa yo.

Plizyè milye abitan Florid, ki gen ladan l yon gwo pati nan moun nwa, toujou pa gen asirans akoz lidè eta yo echwe nan elaji Medicaid. Gen asirans enpòtan anpil pou jwenn aksè ak swen e mennen yon vi an sante.

Doktrin dwa eta yo bay lejislatè yo pouvwa yon fason diskrè pou yo retire benefis vital Medicaid ofri yo. Menm doktrin ki pèmèt eta yo limite pwogram tankou Sekirite Sosyal ak lòt pwogram asistans lajan kach sou baz ras yo toujou ap itilize jodi a. Doktrin sa a nui moun nwa yo epi li retire pwogram ki fèt pou vin yon filè sekirite esansyèl pou tout moun. Chanjman règleman Medicaid ki vize ekite nan kesyon sante ta pral ede w jwenn pi bon rezilta sante pou tout abitan Florid yo. Sa a se yon moman kle pou lidè Florid yo rasanble volonte politik ak angajman pou fè sa.

Heading

This is some text inside of a div block.
Subscribe
This is some text inside of a div block.