No items found.
Feb 28, 2021

REZIME PWOJÈ LWA HB 1/SB 484

Heading

Text Link
Text Link
Text Link
Text Link
Text Link
Text Link

Apèsi jeneral

 

Bidjè Depatman Koreksyon Florid (DOC) la te grandi pa 56 pousan pandan yon peryòd de 19 lane ant ane fiskal 2000-2001 ak ane fiskal 2019-2020. Sòti ane fiskal 2009-2010 rive ane fiskal 2019-2020, bidjè DOC a te ogmante pa 7 pousan, tandiske kantite moun ki te nan prizyon te ogmante pa 17 pousan.

Konsènan to aprizònman yo:

  • Sòti ane fiskal 2012-2013 rive ane fiskal 2019-2020, kou anyèl mwayèn pou anprizone chak moun ogmante pa $990 chak ane. Ogmantasyon medyàn nan se $790 chak ane.
  • Baze sou tandans aktyèl yo, pwobableman l ap koute eta a $29,005 pandan ane fiskal 2025-2026 pou anprizone yon moun, ki se yon ogmantasyon de 20 pousan parapò ak ane fiskal 2019-2020.
  • Nan ane fiskal 2035-2036, pwobableman l ap koute eta a $36,905 pou chak moun, ki se yon ogmantasyon de 52 pousan parapò ak ane fiskal 2019-2020.

HB1/SB 484 t ap kreye nouvo kategori krim grav epi pwolonje pèn yo pou krim ki deja egziste. Kidonk lwa sa a t ap ogmante pwobabilite pou gen plis moun ki fèmen nan prizon epi l t ap antrenen plis depans pou DOC.

Kòman HB 1/SB 484, "Lite kont dezòd piblik", t ap kreye nouvo pwoblèm fiskal pou DOC a : yon etid de ka sou manifestasyon yo nan vil Miyami nan 2020

Pandan manifestasyon ki te fèt Miyami apre yo te touye George Floyd pandan ete 2020 an, yo te arete 108 moun epi yo te akize twa moun de vòl.[1] Nan pami 108 arestasyon yo, 107 ladan yo pa t vyolan. HB 1/SB 484 t ap chanje kòman leta a t ap pwosede ak arestasyon epi akizasyon sa yo anpil.

Kou pou mete twa moun ki te akize de vòl yo an prizon an t ap preske miltipliye pa kat sou HB 1/SB 484

Sou lwa aktyèl yo, akizasyon vòl yo kalifye kòm yon krim serye twazyèm degrè, men sou HB1/SB484, akizasyon sa yo t ap vin kosidere kòm yon krim serye dezyèm degrè. Twa defandè akize yo t ap fè fas ak yon pèn de prizon de 15 an, olye de senk an sou lwa aktyèl la. Si n ap gade sèlman twa arestasyon sa yo, Enstiti politik Florid la (FPI) te estime kou anprizònman yo sou lwa aktyèl la epi sou chanjman ki pwopoze nan kad H1/SB484.

Pou mete touletwa moun sa yo an prizon sou lwa aktyèl la, li t ap koute eta a anviwon $399,500 si yo tout te fè senk an nan prizon. Si touletwa moun yo te fè 85 pousan nan pèn yo a, kou total la pou eta a t ap $336,000. Sepandan, si yo ogmante pèn nan sou HB1/SB 484 sa t ap ogmante kou a pou eta a ta mete moun sa yo an prizon:

  • Kou a t ap monte jiska $433,700 pou mete yon moun nan prizon pou tout pèn 15 an yo, oswa $378,700 si moun nan te fè 85 pousan nan pèn li a.
  • Li t ap koute jiska $867,400 pou mete de moun nan prizon pou fè tout pèn yo a, oswa $757,000 si yo te fè 85 pousan nan pèn yo a.
  • Li t ap koute jiska $1,3 milyon pou mete touletwa moun yo an prizon pandan tout pèn yo a, oswa $1,1 milyon si yo te fè 85 pousan nan pèn pa yo.

An rezime, HB 1/SB 484 t ap:

  • Ogmante kou yo pou eta a de mon montan anviwon $901,600 pou mete touletwa moun yo an prizon pou tout pèn 15 an yo.
  • Ogmante kou yo pou eta a de mon montan anviwon $800,000 pou mete touletwa moun yo an prizon pou 85 pousan nan pèn pa yo.

Kou adisyonèl sa a de $901,600 te ka pi byen depanse nan adrese kèk nan defi ke DOC ap fè fas yo pou l rekrite ak re-fòme pèsonèl li yo. Fon sa yo te ka, pa egzanp, sèvi pou peye salè debaz anyèl la pou omwen 14 ofisyè DOC ki an fòmasyon pandan dezan. Sa t ap ede anpil pou yo adrese mank pèsonèl grav ki egziste nan depatman an ansanm ak enkapasite yo genyen pou finanse tout pòs ki otorize yo de yon manyè ki sifizan. Nan ane fiskal 2019-2020 an, DOC a te sèlman gen kapasite pou peye 88 pousan nan pòs yo.

108 arestasyon sa yo t ap antrenen anpil nouvo depans pou konte a ak pou eta a

HB 1/SB 484 t ap kreye anpil nouvo depans, paske 108 moun yo te arete yo t ap oblije pase de jou fèmen nan komisarya a pandan yo t ap tann yon pwosè pou wè si yo te ka sòti pwovizwaman. Sou lwa aktyèl la, moun yo te arete yo te libere sou pwòp mwayèn pa yo.

Nan ane fiskal 2020-2021 an, kou pou anfèmen yon moun nan komisarya konte Miami-Dade la pandan yon jounen sete $293,22. Si yo te kenbe tout 108 moun sa yo ke yo te arete yo nan komisarya a, gouvènman minisipal la t ap oblije depanse $63,336.

Lajan anplis sa a yo t ap gen pou yo depanse pou kenbe moun nan komisarya yo sou tèm HB 1/SB 484 yo te ka sèvi pou ranfòse bidjè lokal yo epi peye pèsonèl k ap travay nan komisarya lokal yo. Nan ane 2018 la, salè minimòm pou yon ofisye k ap travay nan sistèm prizon konte Miami-Dade la sete $37,643 ($38,798 apre yo fè ajisteman pou enflasyon) ; fon sa yo te ka kouvri salè anyèl yon ofisye nan sistèm prizon an epi plis ke sa toujou.

Anplis sa, nan pami 108 arestasyon yo, 107 ladan yo sete pou enfraksyon ki pa t vyolan. Sou HB 1/SB 484, yon moun pa oblije ap ajite pou yo akize l de yon krim serye. Se poutèt sa, 107 moun sa yo te ka riske fè jiska senk an nan prizon.

Sou HB 1/SB 484, kou eta a pou mete moun sa yo an prizon t ap anviwon $14,2 milyon pou pèn total la ki se 5 an, oswa $11,9 milyon si moun sa yo te fè 85 pousan nan pèn yo a.

Tandiske sou lwa aktyèl la, leta a pa t depanse okenn lajan pou mete moun sa yo an prizon, HB 1/SB 484 t ap koute leta a $14,2 milyon, ki reprezante plis pase tout alokasyon bidjè DOC a pou pwogram re-antre (tranzisyon ak reyabilitasyon) li yo. Nan ane fiskal 2020-2021 an, pwogram re-antre yo te resevwa $12,6 milyon kòm finansman.

Pou plis enfòmasyon:

Kontakte Tachana Joseph-Marc, analis politik nan Enstiti politik Florid, marc@floridapolicy.org 

Nòt sou metòdoloji a

  • Poutèt enpak potansyèl alongtèm HB 1 te ka genyen sou popilasyon moun ki an prizon yo, FPI te itilize yon egzanp de bidjè DOC a pandan dènye 20 an yo epi relasyon ant bidjè anyèl yo epi kantite moun ki te nan prizon pandan dènye 10 zan yo. Sa te ede FPI pou l fè previzyon pou bidjè depatman an pandan pwochen senk jiska 15 lane.
  • FPI te itilize kou per diem pou yon moun pandan dènye sèt an yo. FPI te kalkile pousantaj chanjman de yon ane ak yon lòt pou l te jwenn mwayèn nan ak medyàn nan. Chif sa yo prezante nan montan dola. Pwojeksyon FPI yo te sèvi ak ogmantasyon medyàn anyèl la olye de ogmantasyon mwayèn anyèl la pou pran an konsiderasyon kèk lòt faktè ekstèn ki souvan gen yon enpak sou bidjè depatman an nan yon ane byen detèminen.
  • Yo te seleksyone Miyami kòm yon etid de ka a paske te gen plis enfòmasyon an detay ki te disponib konsènan arestasyon ak akizasyon ki te fèt pandan manifestasyon 2020 yo. FPI te evalye enpak ekònomik potansyèl de pwojè lwa sa a avèk yon montan pa chak tèt moun pou pèn konplè a epi yo te prezante yon kou estime selon règ 85 pousan eta Florid genyen an.
  • FPI te kalkile enpak ekònomik 108 arestasyon yo nan konte Miami-Dade la avèk kou anprizònman yon moun pandan yon jou pou ane fiskal 2020-2021 an. Done sou bidjè komisarya Miyami a te rejwenn FPI pa lantremiz chèche yo ki nan Vera Institute for Justice, ki se yon òganizasyon k ap dirije yon pwojè k ap evalye pri prizon yo onivo nasyonal.
  • Yo te itilize dènye enfòmasyon sou salè ki pi ajou yo pou pòs ofisye an fòmasyon yo nan DOC a, ansanm ak dènye done ki disponib sou salè pou pòs ofisye sistèm prizon yo nan konte Miami-Dade, ki te sòti nan lane 2018. Pou bay yon estimasyon pi presi, FPI te ajiste salè 2018 la pou konsidere to enflasyon an.

[1] David Ovalle ak Charles Rabin, “Gen plizyè douzèn moun yo te arete epi anfèmen nan komisarya pandan manifestasyon Miyami yo. Men poukisa li pa pwobab pou yo jije mounyo koupab”, Miami Herald, 3 jen 2020, https://www.miamiherald.com/news/local/crime/article243198676.html

Heading

This is some text inside of a div block.
Subscribe
This is some text inside of a div block.