March 2022

Lanmò san Pa gen Taks: Konstriksyon Florid Modèn nan

Heading

Text Link
Text Link
Text Link
Text Link
Text Link
Text Link

Pou kreye yon wout ekitab pou lavni pou tout moun k ap viv Florid, nou dwe konprann anvan ki wout ki mennen nou kote nou ye jodi a. Piblikasyon ki pi ba a se dezyèm ki soti nan seri "Chèche Ekite" FPI a, yon pati nan yon inisyativ rechèch plizyè ane sou politik istorik diskriminatwa Florid yo, evolisyon yo, ak enpak yo sou tout kominote Florid yo jodi a.  

Si te gen yon eta ki byen reprezante lespri demezire ki karakterize ane foli nan tan pase yo, se pa lòt ke Florid. Nan kòmansman 20yèm syèk la, devlopman kòt Florid yo te deja byen angaje, ak enfliyans endistri enpòtan Henry Flagler ak Henry Plant, ki te konstwi tren ak otèl deliks ki te atire touris rich yo. Tout aktivite ki te gen sou mache pwopriyete nan ane 1920 yo te rann Florid plis swaf devlòpman toujou. Spekilatè ak envèstisè yo t ap achte pwopriyete, pandan pri yo te kontinye ap ogmante plis toujou. Ogmantasyon otomobil la ak devlopman otowout ant eta yo te mennen nan epòk "touris bwat konsèv" – anpil vakansye te vwayaje nan machin modifye pou yo eksplore Florid, sa ki te mennen nan yon endistri touris total ki te bati sèlman pou yo.[1] Touris te inonde eta a, e nan kòmansman ane 1920 yo, 500,000 moun t ap vizite Florid chak ane. Nan ane 1925, chif sa a te monte a 2.5 milyon.[2] Pandan tan sa, popilasyon an te kontinye ap ogmante tou pandan tout ane a. Yon obsèvatè te note eta a "te aji kòmsi l te sou yon bèl pwa lou – byen entoksike e sovajman isterik."[3]

Malgre tout aktivite sa a pa t ap dire pou toutan - nan ane 1926 li te tonbe - konstriksyon wout pou fasilite touris ak vwayaj se te pwoblèm prensipal ki te mennen nan eleksyon 1924 Florid la. Pandan eleksyon sa a, Lejislati eta a te mete sou bilten vòt la yon desizyon (Amannman 1) ki ta ka defini an gwo Florid: li entèdi enpoze taks sou revni pèsonèl oswa eritaj. Objektif la se te pou atire plis abitan ki rich nan Florid lè yo retire taks sa yo, e abitan sa yo t ap ka pote bò kote pa yo yon kapital ak kwasans ekonomik. De pwoblèm sa yo te reprezante tou de bò bidjè eta Florid la — sou yon bò jounal la, yon desizyon pou mete restriksyon sou sous revni eta a poutoutan, epi sou lòt bò a, yon apèl pou depans piblik masiv sou enfrastrikti ki nesesè pou akomode kwasans eta a.

Yon koudèy nan agiman an favè tou de pwoblèm sa yo alepòk sanble yon eko agiman an favè taks ki ba yo ak ogmantasyon devlopman patizan yo jodi a ap anplwaye. E nan ane 1920 yo, jan sa ye jodi a, desizyon sou règleman taks ak bidjè yo te alafwa alimenté e ranfòse inegalite rasyal ak etnik ki nan fondasyon ekonomi Florid la.

1924: Taks, Wout, ak Travay nan Prizon

Kèk mwa anvan eleksyon 1924 la, jounal atravè tout eta a te eksprime sipò yo pou Amannman 1 an, menm jan ak pifò kandida pou pòs gouvènè nan epòk la. Pifò nan kandida sa yo te pwomèt tou pou akselere devlopman wout yo. John W. Martin, ki ta pral genyen eleksyon an, te yon gwo defandè pou tou de:

“Avèk eleksyon yon gouvènè ki devwe pou pwomouvwa ekonomi an k ap vanse e avèk taks sou eritaj ak revni yo ki retire, ‘pwogrè pou antre nan paradi’ Florid la vin mache pi vit. Epi ak inogirasyon pwogram anbisye Martin an pou konstriksyon wout yo ansanm ak atant moun Florid yo genyen pou ogmante endistri ak touris, Florid te soti nan oryantasyon agrikòl ki pase pou ale nan yon avni modèn, ki oryante nan nivo iben."[4]

Pandan kanpay li a, Martin te pale aklè nan kritik li a sou Depatman Wout Eta a, paske dapre li, depatman an pat aji ase vit pou satisfè gwo demann k ap ki kontinye genyen pou wout ki fèt — yon bagay ki te byen rezone bò kote elektè yo. Fason li t ap akselere devlopman wout yo te ale nan menm sans tou ak pratik ki te genyen nan epòk la, patikilyèman nan Sid la: itilize travay fòse moun ki nan prizon yo. Li te kritike Prizon Raiford paske li te pèdi revni lè li te mete moun ki nan prizon nan Florid yo travay nan fèm prizon yo, e li te karakterize aksyon sa kòm "kilti koton pou charanson yo ak legim an konpetisyon ak kiltivatè yo nan eta a."[5] Mete yo travay nan konstriksyon wout, pou li menm, se ta fè prizon an tounen yon mwayen revni pou eta a.

Kidonk, nan kòmansman 20yèm syèk la, ekilib nan bidjè a te reyalize an pati nan eksplwate travay prizonye yo. Moun Florid sa yo, ki souvan nan prizon akoz akizasyon sipèfisyèl anba lwa Kòd Nwa Florid la, te bati wout ak enfrastrikti Florid yo nan kondisyon moun pa ka imajine. Gainesville Sun dekri kondisyon kan travay kondane yo nan kòmansman ane 1920 yo:

“... yon fay nan 13yèm Amannman an te pèmèt eta a pwofite fòse prizonye yo travay, e pifò ladan yo se nwa. Mesye yo t ap viv nan salte ak yon ti kras manje. Yo te arete yo sou akizasyon frivòl oswa riz epi yo te fè yo peye dèt yo lè yo travay anpil èdtan anba solèy. Moun ki pa t dakò fè l yo, yo te konn bay yo, kale yo oswa tòtire yo.”[6]

Anvan 1923, sa te konn fèt nan "lwe" travay fòse prizonye yo, men menm apre sa te aboli, menm pratik yo te pèsiste atravè chenn gang, oswa gwoup prizonye yo anchene pou konstwi wout anba menas pinisyon oswa menm lanmò.[7]

Lèt Mary McLeod Bethune te bay Gouvènè Doyle Carlton ki te la nan epòk la apre yo te fin wè kat fanm nwa ki te nan prizon yo te fòse yo pote bwa. Sous: https://bit.ly/3DrGB3i

Sa te kouran pou otorite lokal yo ogmante arestasyon gason Nwa pou efo nfraksyon tankou "vagabondaj" yon fason pou yo te satisfè demann pou travay kondane yo. Sa a te rive, pa egzanp, ak cherif la nan Leon County pandan mitan ane 1920 yo.[8] Menm jan an tou, yon etid nan vil Saint Petersburg te revele yon kantite arestasyon moun Nwa nan ane 1920 yo te koresponn ak mank travay pandan gwo aktivite nan byen imobilye: "Kouraj moun nwa yo te nesesè anpil sou chantye konstriksyon yo, e atak lapolis ak aretasyon pou vagabondaj yo te ede ranpli yon pòsyon nan espas vid sa a.”[9]

Nou pa ka pale de desizyon elektè yo pou entèdi taks sou revni pèsonèl ak eritaj yo san nou pa konsidere kontèks pi laj sa a. Eta a te vle atire nouvo rezidan rich ae gwo aktivite nan imobilye a te nesesè pou yon gwo devlopman enfrastrikti. Eksplwatasyon travay nan prizon, lwa rasis Kòd Nwa yo te alimante, te ede rayelize tou de objektif sa yo, epi finalman, anpil moun Nwa Florid te peye lavi yo pou fè Florid tounen yon eta ak "fiskalite fèb".

Enpak sa ki te pase yo genyen sou deba modèn

Abitan Florid yo poko vote ankò pou taks sou revni pèsonèl oswa taks eritaj; entèdiksyon an rete nan konstitisyon eta nou an. Men, chak ane, lejislatè yo pwopoze nouvo alèjman fiskal ki redui plis toujou sou revni eta a. Kesyon sou ki moun ki benefisye rediksyon taks sa yo epi ki finalman peye yo rete enpòtan jodi a menm jan yo te nan ane 1920 yo.

An 1924, agiman an favè Amannman 1 yo te gen objektif atire moun ki rich nan Florid ki ta pral swadizan transfòme richès yo pou l tounen yon motè ekonomik pou eta a. Pa gen anpil chanjman nan teyori ki antoure politik taks yo jodi a. Ekip moun ki vle diminye taks yo souvan konsantre yo sou yon Florid konpetitif nan kesyon atire vizitè, nouvo rezidan, e sitou biznis nan eta a. Lè yo kenbe taks yo ba, biznis sa yo ak moun sa yo pral ede nan pouse ekonomi an grandi, sa ki pral yon benefis pou tout moun Florid, selon teyori sa. Teyori sa a pa souvan sipòte, paske inegalite toujou nan sistèm taks ak ekonomi Florid la.

Objektif jodi a: taks sou revni antrepriz yo ak vant yo

San taks sou revni pèsonèl, deba sou règleman taks jodi a vize taks sou revni antrepriz ak taks sou vant yo. Menm jan ak nan ane 1920 yo, rediksyon taks sa yo an jeneral benefisye kòporasyon ki pi rich yo, aksyonè yo, PDG yo, elatriye. Pifò biznis nan Florid yo egzante pou yo pa peye taks sou revni antrepriz yo, e nan moun ki pa egzante yo sèlman youn sou 10 dwe peye yon bagay pou taks sou revni antrepriz.[10] An reyalite, se sèlman antrepriz ki pi rich yo ki dwe peye yon bagay pou taks sou revni antrepriz yo e se pou yo sa t ap benefik si yo ta redui taks sa yo.

Lè gen zewo taks sou revni pèsonèl ak taks k ap redui sou revni antrepriz, Florid depann anpil de taks sou vant pou majorite nan revni taks ki dwe kolekte yo, sa ki afekte yon fason dispwopòsyonèl fanmi ki gen revni ki ba ak modere yo e an patikilye, moun Nwa ak Latino/a nan Florid yo. Repitasyon Florid antanke eta ak "fiskalite fèb" la twonpe moun, yon lòt fwa ankò. Kòd fiskal "tèt anba" Florid la se an reyalite yon eta ak taks wo pou moun Nwa ak moun ki gen ti revni nan Florid. Jan sa te di nan yon rapò FPI, “Dezekilib sa a nan kòd taks Florid la siprime pwosperite yon gwoup divès fanmi ki gen revni ki ba oswa modere pandan y ap benefisye moun ki pi rich yoa k majorite blan Florid ki gen gwo revni.”[11]

Tribune Tampa, 26 Oktòb 1924 koupe

Pandan eta a ap kontinye diminye baz revni Florid la pou benefisye kèk moun ki rich, li te soutni tou dezenvestisman nan sèvis piblik vital pou balanse bidjè a. Moun Nwa ak moun ki gen revni ba yo afekte yon fason dispwopòsyonèl akoz rediksyon finansman sa yo nan chak domèn envestisman, soti nan edikasyon ak swen sante pou lojman ak pwoteksyon travayè yo, ak plis ankò.

Plis pase dola ak santim

Règleman taks ak bidjè yo pa senpleman konsène alokasyon finansman; yo sgen rapò sere ak priyorite eta a ak yo reflete valè li yo. Yon koudèy sou agiman ki an favè taks ki ba yo montre listwa repete. Yo prezante rediksyon taks yo kòm pi bon fason pou ankouraje kwasans ekonomik; men jan listwa montre sa, rezilta kwasans sa a pa nan avantaj tout moun. Anplis de sa, lè pou yo konnen ki moun k ap peye, sa souvan afekte mwayen moun Nwa Florid yo genyen pou yo viv. Lè yo korije kòd taks tèt anba nou an epi fè bonjan envestisman nan moun ak kominote yo, lejislatè yo ka diminye diferans ki genyen depi lontan yo, ankouraje diyite pou tout moun nan Florid, e favorize Florid pou l gen yon pwosperite dirab e pataje.

Nòt

[1] Memwa Florid, Bibliyotèk Eta ak Achiv Florid yo, “Touris Bwat Konsèv,” https://www.floridamemory.com/learn/exhibits/photo_exhibits/tincans/.

[2] Jim Robison, Orlando Sentinel, “Otomobil te mennen nan premye touris Leta,” 16 Avril 2000, https://www.orlandosentinel.com/news/os-xpm-2000-04-16-0004150380-story.html.

[3] Biwo Jesyon Anviwònman Depatman Transpò Florid, “Pon otowout istorik nan Florid,” Desanm 2012, Ch.2, p.13. https://www.fdot.gov/docs/default-source/environment/pubs/Historic-Highway-Bridges-of-Florida-2010-Update.pdf.

[4] V.H. McDonnell, “Monte òdafè politik yo”: Kous gouvènè Florid yo nan ane 1924,” Trimèstriyèl Istorik Florid la, 1973, http://www.jstor.org/stable/30150977.

[5] McDonnell, 46

[6] Ben Conarck, “Travay Fòse. Yon syèk apre, travay prizon san peye kontinye bay Florid pouvwa,” The Gainesville Sun, 26 me 2019, https://www.gainesville.com/story/news/state/2019/05/27/unpaid-prison-labor-continues-to-power-florida/5056240007/.

[7] Rob Goyanes, "Istwa Sekrè mendèv Prizon nan Florida," Nouvo Tropik la, 4 Janvye 2016, https://thenewtropic.com/prison-labor-florida/.

[8] Vivien M.L. Miller, “Murder, ‘Kondane zafè flajelasyon,’ ak Pewonaj dèt,” Lekti povrete Sid nan Lagè, 1918-1939, ed. Richard Godden ak Martin Crawford, Laprès Inivèsite Georgia, 2006.

[9] Ruthmae Sears, et. al., "Egzamen Enpak Istorik e Modèn rasis estriktiral sou lavi moun Nwa yo nan vil St. Petersburg, Florid,” Inivèsite Sid Florid, 2021, https://digitalcommons.usf.edu/cgi/viewcontent.cgi?article=5081&context=fac_publications.

[10] Esteban Leonardo Santis, PhD, “3 Rezon ki fè Lejislatè Florid yo ta dwe fikse taks sou revni antrepriz la,” Enstiti Règleman Florid, 4 Oktòb 2021, https://www.floridapolicy.org/posts/3-reasons-why-florida-lawmakers-should-fix-the-corporate-income-tax.

[11] Esteban Leonardo Santis, PhD, “Yon ranbousman enpo pou abitan Florid aktif yo pou yon Florid ki pi djanm e ki ekitab,” Enstiti Règleman Florid, 15 Septanm 2021, https://www.floridapolicy.org/posts/a-working-floridians-tax-rebate-for-a-stronger-and-more-equitable-florida.

Heading

This is some text inside of a div block.
Subscribe
This is some text inside of a div block.