Oct 20, 2020

Gid sitwayen pou 2yèm amannman: Ogmante salè minimòm eta Florid la

Heading

Text Link
Text Link
Text Link
Text Link
Text Link
Text Link

Amannman 2 genyen kòm objektif pou ogmante salè minimòm eta a pwogresivman sòti $8,56 rive $15,00 pou chak èdtan anvan lane 2026 la pou pi ta ($11,98 pou anplwaye ki resevwa poubwa). Salè minimòm nan ta  sibi ajisteman chak ane pou pran to enflasyon an an konsiderasyon.

Palman Florid la pa janm ogmante salè minimòm nan — dènye ogmantasyon an sòti $5,15 rive $6,15 la te fèt poutèt yon inisyativ sitwayen tankou sila a ki te prezante sou bilten de vòt yo sa fè 15 lane.

Sistèm ki genyen kounyeya nan eta Florid la pa reflete kou lavi a ki kontinye ap ogmante depi lontan, kidonk ogmantasyon sa a ta pral ede anplwaye yo touche yon salè ki plis sanble yon salè ki te ka pèmèt yo mennen yon vi ki diy.

Heading

This is some text inside of a div block.
Subscribe
This is some text inside of a div block.