Apr 13, 2023

Filè sekirite (sistèm antrèd leta) pou tibebe ki pa sifizan: Manm palman yo ta dwe adrese neglijans TANF onivo eta a ki fèt depi lontan

Heading

Text Link
Text Link
Text Link
Text Link
Text Link
Text Link

Pifò moun nan eta Florid kwè ke tout timoun merite yon chans pou yo fleri kelkeswa sikonstans ekonomik yo, ke kelkeswa revni familyal yo genyen, tout tibebe ta dwe gen yon kay kote yo ka viv epi yo ta dwe gen manje, rad, lanmou ak pwoteksyon anba eleman yo, epi yo ta dwe oryante pou yo reyisi nan lavi a.

Sepandan, Palman Florid la te toujou manke finanse yon pwogram filè sekirite ki gen yon enpòtans kapital pou timoun nan eta a.

Pifò moun nan eta Florid kwè ke tout timoun merite yon chans pou yo fleri kelkeswa sikonstans ekonomik yo, ke kelkeswa revni familyal yo genyen, tout tibebe ta dwe gen yon kay kote yo ka viv epi yo ta dwe gen manje, rad, lanmou ak pwoteksyon anba eleman yo, epi yo ta dwe oryante pou yo reyisi nan lavi a.

Sepandan, Palman Florid la te toujou manke finanse yon pwogram filè sekirite ki gen yon enpòtans kapital pou timoun nan eta a.

Manm palman yo kenbe nivo avantaj TANF yo nan menm nivo san yo pa chanje yo depi 30 lane

Menm si yon mezi pou entèdi avòtman ki fèt aprè sizyèm semèn gwosès (SB 300) ap avanse rapidman vè biwo Gouvènè Ron DeSantis, manm palman nan eta a — pandan omwen dènye trant ane yo — te inyore pwogram Asistans Tanporè pou Fanmi nan Bezwen (TANF). Sa a se sèl pwogram nan eta a ki sipoze bay yon èd lajan pou reponn ak bezwen debaz tibebe ak lòt timoun k ap viv ak paran ki nan yon kriz finansyè. Non sèlman Palman Florid la pa t deside ajiste nivo TANF yo depi 1992 ; desidè politik yo te deside retire èd lajan an tou ki te sipoze ale jwenn tibebe ki te fèk fèt nan fanmi ki te deja ap patisipe nan pwogram nan — ki rele « maksimòm familyal ». Kòm rezilta, peman avantaj TANF yo nan Florid yo tèlman manke nòmal ke l enposib pou fanmi ki nan pwogram nan pou reponn ak bezwen debaz yon timoun.

Entèdiksyon sou avòtman gen yon pi gran enpak lontan sou fanm ki gen yon revni ba. Sepandan, tandiske SB 300 enkli yon alokasyon 25 milyon dola bay Rezo Sipò Gwosès nan Florid (Florida Pregnancy Support Network) — ki konpoze de sant matènite ki pa ofri sèvis avòtman yo — li pa fè anyen pou amelyore sekirite finansyè alongtèm de nouvo manman ak tibebe yo. San yon bon pwogram TANF kòm yon filè sekirite, plis fanm nan eta Florid la pral twouve yo nan difikilte pou paran swen tibebe pa yo.

Peman avantaj TANF yo nan Florid yo tèlman manke nòmal ke l enposib pou fanmi ki nan pwogram nan pou reponn ak bezwen debaz yon timoun.

Sa fè 30 an depi eta Florid la ap neglije TANF la. Menm si yon tyè nan eta yo gen tan ogmante nivo avantaj TANF yo nan ane ki sòt pase yo, Florid pa t fè anyen pou ogmante montan èd lajan ki disponib la. Plis lajan ke pwogram TANF Florid la bay pou chak timoun se 180 dola pa mwa, ki pa sifi pou achte rad pou lekòl, alewè pou ede paran yo peye fakti enèji yo oswa kòb kay la. Olye pou yo fè sa a, manm palman nan eta Florid yo te voye fon pou TANF yo ki te konn rive jwenn timoun ki nan fanmi benefisyè TANF yo pou kòb sa a finanse lòt pwogram kounyeya, menm si revni adisyonèl la amelyore chans yon timoun genyen pou gen yon avni meyè

« Maksimòm familyal » TANF la refize avantaj lajan pou benefisyè lè yo fè yon timoun

Apa montan peman TANF yo ki vreman two ba, manm palman Florid yo ap fè echèk nan ede tibebe yo nan omwen yon lòt fason ki enpòtan anpil tou. Menm si tibebe yo pami rezidan Florid ki pi vilnerab yo, Palman an limite, oswa refize konplètman èd TANF la bay tibebe ki fèt nan yon fanmi k ap benefisye de pwogram nan aktyèlman.

Nan kad maksimòm familyal la, pou premye tibebe ki fèt de yon manman k ap deja resevwa TANF pou yon lòt timoun, manm palman yo te redwi montan èd ke fanmi an ta pral resevwa pa 50 pousan. (Kòm yon egzanp, si yon moun ki deja patisipe nan pwogram TANF la epi ki deja ap resevwa èd pou yon timoun ta rive fè yon lòt pitit, èd nouvo bebe a pral redwi pou l tonbe nan $30 pa mwa sèlman, olye de montan konplè a ki se $61.) Pou dezyèm pitit la oswa yon lòt pitit ki plis pase dezyèm nan, manm palman yo refize bay tibebe sa a okenn èd finansyè. Sòf si paran an anprizonnen oswa nan yon etablisman swen — oswa si fanmi an ka pwouve ke bebe a fèt poutèt kadejak, ensès oswa eksplwatasyon seksyèl — Florid p ap janm bay timoun sa a èd lajan.

Pou dezyèm pitit la oswa tout sa ki vin aprè l la, manm palman yo refize bay tibebe a tout kalite èd finansyè.

Prensip maksimòm familyal la twouve orijin li nan mit ki di ke yon fanm ki resevwa èd pral fè plis pitit pou l ka jwenn plis ed, epi prensip sa a se yon kontinyasyon de jefò istorik pou egzèse kontwòl sou dwa repwodiktif fanm Nwa. Anplis sa a, gen rechèch ki sigjere ke prensip maksimòm familyal la pi kouran nan eta ki gen yon pi gran pousantaj patisipan ki Nwa, tankou Florid. Poutèt sa a, anpil eta ki te enpoze maksimòm familyal la sou patisipan TANF yo inisyalman gen tan anile lwa sa yo depi kèk tan. Menm si sèlman gen 10 lòt eta ki toujou enpoze yon maksimòm familyal sou fanmi TANF yo, Florid pa fè anyen pou siprime makismòm familyal la, epi sa a domaje timoun ki plis gen bezwen yo.   

Palman an pa fè meyè jefò ki posib pou reponn ak bezwen debaz timoun. Si Florid vreman vle pran swen tibebe yo, manm palman yo dwe mete prensip peman TANF yo ajou epi pase HB 1631, ki se yon pwojè lwa ki ann atant nan Palman Florid la ki ta va siprime maksimòm familyal la — ki se yon pa enpòtan sou chimen an pou asire ke fanmi ki plen lanmou men ki pa plen lajan gen mwayen ki nesesè pou yo pran swen pitit pa yo.

Heading

This is some text inside of a div block.
Subscribe
This is some text inside of a div block.