Oct 6, 2020

4 etap pou fikse pwogram asirans chomaj Florid la ki nan movèz eta anpil

Heading

Text Link
Text Link
Text Link
Text Link
Text Link
Text Link

Tandiske COVID-19 te klere yon limyè sou Pwogram èd pou rekòmanse travay nan Florid la — ki rele tou Asirans Chomaj, oswa UI —, pwogram nan vreman pa fonksyonen byen depi plizyè ane. Pandan plis pase dizan, apwòch Florid la pou jere UI a te baze sou redwi kou pwogram nan, olye yo ta founi yon bon avantaj bay rezidan Florid ki ochomaj yo.

Moman kritik la te rive pou Florid nan ane 2011, pandan ke palman eta a te redwi pòte pwogram nan anpil, epi sa te lese travayè yo ak eta Florid la nan yon sityasyon kote yo pa t prepare ditou pou fè fas ak yon kriz ekònomik. Menm lè yo te rebatize pwogram nan "Èd pou rekòmanse travay", yo te fè sa paske yo te jije ke rezidan Florid ki ochomaj yo pa merite jwenn èd pandan moman kriz ekònomik sa a. Kòm rezilta, pwogram UI eta Florid la preske anba lis la nèt lè n ap gade pèfòmans li sou endikatè yon bon pwogram ki mache byen.

An reyalite, to resepsyon pou Florid, ki mezire pousantaj travayè san anplwa ki reyèlman ap resevwa asirans lan, pi ba ke tout eta nan peyi a. 

Sa mete moun ki pa blan nan eta Florid yo nan yon dezavantaj patikilyè, paske yo gen yon to chomaj ki preske doub fwa to chomaj lòt travayè yo. Pwogram UI Florid la ta dwe enfòme selon prensip ki pwoteje travayè ki ochomaj yo epi selon kondisyon ekònomik yo, pa avèk mezi ki pou redwi kou pwogram yo epi ki penalize travayè k ap eseye sipòte fanmi yo. 

Pou fè fas ak pwoblèm sa a de manyè pèmanan epi pou mete travayè Florid yo anpremye, Palman an ta dwe : 

1. Ogmante montan peman yo.

Montan peman Florid yo se preske yo ki pi ba pami tout eta nan peyi a. Bagay yo konsa paske eta Florid la limite kantite èd UI yon travayè ki ochomaj kapab resevwa nan $275 pa semèn epi leta a limite èd UI a pou l pa depase 25 pousan salè total travayè a pandan peryòd referans lan — li pa ka depase $6,325 nan yon ane l ap resevwa benefis. Men se pa tout moun ki resevwa kantite maksimal la. An mwayèn, pifò travayè nan eta Florid la sèlman resevwa anviwon $254 chak semèn, ki pa sifi pou peye lwaye a ak sèvis minisipal yo, alewè pou reponn ak bezwen debaz fanmi yo tankou manje, transpò, ak swen pou timoun yo pandanke moun k ap sipòte fanmi an ap chache yon lòt djòb. Eta florid la ta sipoze ogmante montan avantaj yo konn bay chak semèn nan epi refòmile fòmilè yo itilize kounyeya pou limite kantite èd yon travayè ka resevwa.

Souple....mwen sipliye w pou ede m. Souple ogmante montan èd chomaj la. 125 pa semèn vreman pòv. Souple, Gouvènè DeSantis." -Wendy C. nan vil Holly Hill

2. Pwolonje dire peman yo.

Eta Florid la ta dwe pwolonje dire prestasyon benefis pou jiska 26 semèn epi elimine fòmil yo konn itilize ki lye resepsyon benefis yo ak estatistik sou chomaj atravè tout eta a. Jiska 2011, eta Florid la te konn bay tout moun Florid ki te ochomaj jiska 26 semèn èd UI. Leta a te redwi nan dire prestasyon benefis yo jiska yon maksimòm de 12 semèn UI si to chomaj mwayèn nan eta a rive nan 5 pousan oswa desann pi ba ke sa toujou, menm si travayè yo pa gen posiblite pou yo jwenn travay nan kominote pa yo a pandan 12 semèn sa yo. Sa mete eta Florid 40yèm pami tout eta yo nan peyi a pou kantite mwayèn de semèn travayè yo jwenn benefis epi l limite kapasite leta a pou reponn ak bezwen rezidan Florid ki p ap travay yo k ap viv nan konte ki gen dwa gen yon to chomaj ki pi wo pase mwayèn nan. Florid ta dwe pwolonje dire minimòm UI a jiska 26 semèn, epi elimine fòmil ki lye avantaj yo ak to chomaj yo.

"Toujou gen moun ki ochomaj epi ki bezwen èd finansyè." - Keri S. in Holiday

3. Amelyore pòte ak enpak pwogram nan.

To resepsyon UI Florid la, ki mezire pousantaj travayè san djòb k ap resevwa benefis, se to ki pi mal nan tout peyi a. Florid ta dwe ogmante pousantaj moun ki elijib epi k ap resevwa benefis UI yo reyèlman (8,9 pousan) pou asire ke travayè ki elijib yo ap resevwa benefis yo merite yo. Baryè pou resevwa benefis yo, tankou sit wèb la ki pa mache epi kreyasyon anpil pwosedi ki konplike san rezon ki pyeje demandè, ta dwe elimine.

"Sa te pran plizyè mwa pou resevwa peman chomaj yo. Se jis apre m te vin pèdi kay mwen nèt ke m te resi resevwa èd alimantè." - Jared S. nan vil Ocoee

  • Retire egzijans ki genyen pou benefisyè UI yo kontakte senk anplwayè chak semèn. Gen anpil obstak administratif pou yon moun resevwa benefis ki eksesif epi ki pa nesesè, tankou egzijans pou travayè yo montre ke yo kontakte senk anplwayè chak semèn, epi sa rann li difisil pou leta a ka founi èd bay travayè yo rapidman pandan resesyon ak kriz tankou pandemi an. Anplis sa, egzijans sa a mete travayè ki gen yon ti salè nan yon dezavantaj, paske yo plis fè rechèch travay la an pèsòn, epi sa egzije yo peye gaz oswa transpò piblik avèk lajan nan pòch yo nan yon moman kote yo pa kapab sipòte kou anplis la.
"Sit wèb chomaj la terib. Chak fwa w eseye telechaje prèv salè a ou jwenn yon mesaj ERÈ epi li jete w sou sistèm nan, donk anpil moun rete ak yon eta $0 paske nou pa kapab montre prèv." -Kaila J. nan vil Sebring 
  • Fikse sistèm CONNECT la. Sistèm anliy UI Florid la, ki rele CONNECT, ansyen anpil epi li pa sifi pou depoze demann nan moman pa gen ase travay, alewè lè Florid fè fas ak yon ansanm de nouvo demann sanzatann pandan yon resesyon oswa yon kriz tankou COVID-19. Leta a ta dwe genyen kòm priyorite pou fè CONNECT mache nan bon moman yo menm jan ak nan move moman yo tou.
  • Kite demandè yo kontinye depoze demann keseswa elektwonikman oubyen sou papye apre pandemi an fini. Se pa tout moun Florid ki gen aksè ak teknoloji pou depoze demann UI yo elektwonikman. Asire ke tout demandè yo gen aksè, menmsi yo ta va gen baryè pou yo remèt demann UI yo a elektwonikman, se yon etap kirtik nan refòm ki bezwen fèt onivo RA a.
  • Retire egzijans ki genyen pou remèt rapò chak de semèn. Jiskaske yo fin mete CONNECT ajou pou l ka foksyone de fason fiyab epi rapid, demandè yo pa ta dwe gen egzijans pou mande benefis yo chak de semèn pou yo ka kontinye resevwa kòb UI la.
  • Retire semèn atant lan de fason pèmanan. Demandè yo oblije tann yon semèn anvan yo kapab kòmanse resevwa èd UI (sa rele "semèn atant lan") epi eta Florid la pa peye yo pandan semèn sa a menm si demandè a reponn ak tout kritè elijibilite yo. Semèn atant yo se yon limitasyon sou resepsyon èd ki te konn egziste nan tan lontan lè leta yo te toujou depoze demann UI yo de fason manyèl epi yo te bezwen tan pou peye nouvo demandè. Kounyeya, Florid gen aksè elektwonik ak enfòmasyon sou salè epi yo, epi l ka peye benefis UI yo pandan premyè semèn chomaj la san okenn reta.
  • Elaji kad definisyon "bon kòz". Prensip jistis la egzije yon fleksibilite pou asire ke tout rezidan Florid ki rate yon dat limit pou remèt yon rapò, oubyen ki kite travay yo oswa refize yon travay poutèt enkyetid sou kondisyon sante ak sekirite oubyen pou yo kapab pran swen yon manm fanmi yo oswa yon konjwen, gen kapasite pou pwouve ke yo gen bon kòz san yo pa pèdi benefis yo.
  • Redwi egzijans elijibilite monetè a ki se $3,400 salè total pandan peryòd referans lan. Nan eta Florid la, peryòd referans lan pou UI se premye kat sou senk trimès ki fin pase anvan premye jou a kòmanse nan ane benefis yon demandè. Paske yon moun oblije touche $3,400 resamman pou l ka kalifye antanke kredi salè, demandè yo ki swa ochomaj depi lontan oubyen ki pa t konn touche anpil kòb an travay yo pwobableman p ap elijib pou UI.
  • Adopte yon peryòd de referans altènatif. Pou yon travayè ka elijib pou UI nan eta Florid la, fòk li te touche yon kantite sifizan de lajan pandan peryòd referans lan san yo pa konsidere lajan li te konn touche nan trimès ki pi resan an. Menm si leta a gen dwa te oblije konsidere sèlman ansyen trimès travay yo nan tan pase yo lè l pa t gen aksè ak okenn dosye salè elektwonik, pa gen okenn rezon reyèl jounen jodya pou l kontinye ekskli peryòd reminerasyon ki pi resan yo. Kounyeya li plis posib avèk nouvo teknoloji yo pou yo itilize yon peryòd de referans altènatif (ABP) ki konsidere trimès travay pi resan an, epi sa t ap pèmèt plis chef fanmi ki pèdi travay pa yo pou kalifye pou UI, ki gen ladan travayè sezònyè ki pa touche anpil kòb yo ak travayè ki gen yon orè ki pa fiks. Florid se youn nan sèl eta ki pòko adopte yon peryòd de referans altènatif. 
  • Pèmèt travayè yo resevwa peman pou peryòd de tan depi dat yo pèdi travay yo a rive dat yo te fè demann èd la. Kounyeya, elijibilite pou benefis UI yo sèlman posib apati dat demann lan fèt la, epi sa mete kèk travayè nan yon dezavantaj ki plis priyorize chache yon nouvo djòb lè yo pèdi travay yo — olye yo tou kouri fè demann èd chomaj lan — ansanm ak travayè ki fè fas ak difikilte pou remèt demann nan.
  • Pa egzije ranbousman peman ki fèt anplis si se yon ka de "ekite ak bon konsyans." Travayè yo pa ta dwe sibi yon penalite si yo resevwa yon kòb anplis pa aksidan lè prensip ekite yo ta egzije pou yo pa penalize yo. Leta a ta dwe konsidere sante demandè yo, kapasite yo genyen pou fè lajan, kantite depandan yo genyen, revni familyal yo, ak depans yo.
  • Kreye kondisyon ekitab ant diferan endistri yo. Tout travayè yo ta dwe benefisye de pwoteksyon UI a ofri yo. Eta Florid la ta dwe anile eksepsyon oswa kritè espesyal yo pou anplwayè yo ki mete travayè pa yo nan yon sityasyon dezavantaj.

4. Finanse sistèm UI Florid la konplètman.

Biznis ki nan eta Florid la peye mwens taks pou asirans chomaj pa anplwaye ke tout lòt eta, de lwen. Pou yo ka ofri kalite sistèm UI ki pral sipòte travayè ki ochomaj yo epi anpeche yon katastwòf ekònomik pandan moman resesyon yo, eta Florid la bezwen pran kèk mezi pou finanse sistèm UI li a konplètman.

  • Ogmante baz salè ki enpòzab la. Tout eta gen plan avantaj chomaj ki reponn ak kritè lwa Federal yo. Baz salè enpozab anplwaye yo sòti $7,000 nan eta Arizona, Kalifòni, Florid, Pòtoriko ak Tennessee pou l rive $52,700 nan eta Washington, epi baz salè enpòzab mwayèn nan se $18,158. Pou yo ka ofri kalite sistèm UI ki pral sipòte travayè ki ochomaj yo epi anpeche yon katastwòf ekònomik pandan moman resesyon yo, eta Florid la bezwen ogmante baz salè enpozab mwayèn nan pou l rive omwen $10,000 pou l ka rive pi pre mwayèn nan onivo nasyonal.
  • Ogmante to enpo Èd Chomaj la. An mwayèn, biznis ki nan eta Florid la yo kontribye pi piti kantite taks pou chak anplwaye ki kouvri pami tout eta nan peyi a. Kontribisyon mwayèn pou chak anplwaye onivo nasyonal la se $277, tandiske biznis nan eta Florid yo peye sèlman $50 an mwayèn. To enpo mwayèn nan Florid la anviwon 0,65 pousan de montan total salè enpozab la — an konparezon, se Pennsylvania ki gen to enpo anplwayè ki pi wo a, sètadi 4,88 pousan salè enpozab la — epi li pa sifi pou byen finanse benefis yo nan eta a. Jiskaprezan, Florid ansanm ak 10 lòt eta, epi Pòtoriko tou, te fikse to minimòm taks UI a nan 5,4 pousan, ki se to enpo ki pi ba yon eta gen dwa fikse selon lwa federal yo san yo pa afekte kredi enpo anplwayè pa yo konn resevwa. Pou finanse sistèm UI Florid la konplètman, eta Florid la ta dwe ogmante paramèt to li yo pou l menm jan ak eta ki gen yon popilasyon parèy a Florid, tankou Kalifòni, Texas ak Georgia. Pami nèf eta ki gen plis moun nan peyi a (sòf Florid), to minimòm mwayèn nan se 0,56 epi to mwayèn maksimòm nan se 7,42.
  • Itilize fon ki nan Fon Fidisyè Benefis Konpansasyon Chomaj yo konplètman epi envesti nan pwogram UI la. Nan dat 1ye janvye 2020 an, montan Fon fidisyè UI Florid la te depase $4 milya yon ti kal. Li te genyen plis pase $100 milyon nan enterè pandan ane presedan an, epi leta a pa t gen okenn obligasyon ki te anreta. Sepandan, leta a te ofri yon benefis chak semèn de $251 tou, (konpare ak mwayèn nasyonal la de $369) epi l te ofri yon kouvèti mwayèn de nèf semèn (konpare ak yon mwayèn nasyonal de 15 semèn), ki fè pwogram UI Florid la youn nan pwogram ki pi mal klase. Menm apre kriz ekònomik la ki te genyen pandan sèt dènye mwa sa yo poutèt pandemi an, fon fidisyè UI la te toujou gen $1,4 milyon nan kòmansman mwa oktòb 2020 an. An konparezon, eta Kalifòni, Texas, Nouyòk, Illinois ak New Jersey yo te depanse tout kòb ki te nan fon fidisyè pa yo konplètman nan yon jefò pou ede rezidan pa yo ki te ochomaj, epi y ap prete kòb nan men fon fidisyè federal la ki se yon pratik estanda nan moman gran resesyon ekònomik yo. Palman an ta dwe depanse fon fidisyè a selon bezwen an pou reponn ak bezwen ekònomik rezidan Florid ki ochomaj yo olye pou yo ta kite fon yo san manyen yo pou rezon politik epi yo dwe asire yo ke enterè ki antre sou kont lan envesti dirèkteman nan pwogram UI leta a.

Karen Woodall se direktris egzektiv Sant Florid pou Politik Fiskal ak Ekònomik epi direktris Sant Defans Pèp Florid la.

Heading

This is some text inside of a div block.
Subscribe
This is some text inside of a div block.