Mar 17, 2021

Si lidè Florid yo serye sou kesyon redwi inegalite yo nan domèn sante a yo dwe elaji pwogram Medicaid la kounyeya

Heading

Text Link
Text Link
Text Link
Text Link
Text Link
Text Link

Lidè Florid yo kòmanse wè kondisyon inegalite ki egziste nan domèn lasante ak swen sate depi lontan, epi se vreman poutèt gwo enpak COVID-19 la sou kominote moun ki pa blan yo. Gen plizyè bon pwopozisyon pou ogmante finansman ak responsablite Biwo Sante ak Ekite Sante pou Ras Minoritè yo, ansanm ak pwojè de lwa pou itilize done sou swen sante ki jere antanke yon zouti pou redwi inegalite nan domèn lasante pami moun ki enskri nan Medicaid.

Men yo te ka fè anpil bagay anplis toujou, e yo dwe fè sa. Premye bagay nan lis la se pou elaji kad pwogram Medicaid la. Gen rechèch ki montre ke elajisman pwogram sa a te redwi inegalite rasyal ak etnik ki egziste depi lontan nan kondisyon lasante, kouvèti epi aksè ak swen sante.

Pa egzanp, moun ki pa blan yo gen plis chans pou yo pa gen kouvèti asirans. Gen rechèch ki fèt ki montre ke avèk egzekisyon Lwa sou swen abòdab la (ACA), diminisyon nan to moun ki pa t gen asirans yo te pi gran lakay moun ki Nwa epi Latino nan eta ki te elaji pwogram Medicaid pa yo. Pousantaj adilt Latino ki pa gen asirans nan eta ki te elaji Medicaid pa yo te tonbe preske 20 pwen pousantaj (sòti 38 pousan rive 19,3 pousan), konpare ak yon rediksyon de sèlman 6,9 pwen pousantaj (sòti 41,4 pousan rive 34,5 pousan) nan eta ki pa t elaji Medicaid pa yo.

Gran rediksyon sa yo nan to moun ki pa gen asirans yo espesyalman enpòtan pou eta pa nou an, paske 57 pousan nan rezidan Florid ki pa gen asirans yo epi ki gen chans pou jwenn asirans sou Medicaid si leta a elaji pwogram nan se moun ki Latino, Nwa oswa yon lòt ras ki pa blan.

Genyen asirans lasante "fè yon gran diferans nan si, kilè epi kikote moun yo pran swen sante epi anfen kont sou kondisyon sante yon moun." Malerezman nan eta pa nou an, sa vle di moun Florid ki pa blan yo fè fas ak yon to maladi ak lanmò ki pi wo pase mwayèn nan poutèt yon seri kondisyon lasante tankou maladi kadyak, aksidan serebral vaskilè, kèk tip de kansè, dyabèt, VIH / SIDA, sante mantal ak opresyon. Anpil nan kondisyon soujasan sa yo gen dwa gen yon enpak sou fason COVID-19 ap fè yon pi gwo efè sou kominote moun ki pa blan yo.

Elajisman pwogram Medicaid la se yon solisyon ki asire pou amelyore aksè ak swen sante, espesyalman pou adilt Nwa ak Latino yo. Nan eta ki te elaji pwogram Medicaid pa yo, inegalite ki te egziste ant adilt Latino, Nwa ak blan yo te redwi anpil sou endikatè kle ki montre nivo aksè yo genyen, epi sa gen ladan endikatè tankou pousantaj moun ki pa gen asirans, pousantaj moun ki pa t al pran swen paske l te two chè, epi pousantaj moun ki pa t gen yon founisè swen primè. Senk ane apre egzekisyon ACA a, adilt Nwa ki t ap viv nan eta ki te elaji Medicaid pa yo gen to kouvèti ak aksè ak swen lasante ki nan menm nivo ak blan k ap viv nan eta ki pa t elaji Medicaid pa yo, oswa pi bon pase yo toujou.

Depi pwosè National Federation of Independent Business kont Sebelius, desizyon Kou Kasasyon an te fè an 2012 ki te rann elajisman Medicaid yon opsyon olye de yon obligasyon pou eta yo, gen 38 eta plis Washington D. C. ki gen tan elaji Medicaid pa yo. Pa gen youn nan eta sa yo ki retounen sou desizyon pa yo. Pifò nan 12 eta ki rete ki pa elaji Medicaid pa yo lokalize nan sid peyi a, epi se Florid ki gen pi gran kantite Afwo-Ameriken ki pa granmoun epi ki pa gen asirans.

Si yo kite pwogram Medicaid Florid la "jan li ye" sa pral bay eleman rasis sistemik ki egziste nan pwogram Medicaid la plis fòs, paske pwogram nan te baze sou movèz karakterizasyon epi règleman ansyen ki te fèt pou anpeche de milye moun nan eta Florid jwenn asirans. Malerezman, move enpak desizyon sa yo sou konsepsyon pwogram nan ap afekte moun ki pa blan yo pi plis.

Pou konbat rasis sistemik, "vre sipò a se nan aksyon li ye, epi sa vle di elabore epi apwouve lwa ak règleman anti-rasis." Elajisman pwogram Medicaid la se yon inisyativ ki vreman anti-rasis epi sa pral fè anpil bagay pou ede nou redwi inegalite yo nan domèn lasante nan eta sa a. Li lè li tan depi lontan pou lejislatè Florid yo fè sa vin yon reyalite.

Heading

This is some text inside of a div block.
Subscribe
This is some text inside of a div block.